Accessibility links

Breaking News

Ondiras Ekstrade Ex-Prezidan Hernandez Ozetazini


Ansyen Prezidan Ondiras Juan Orlando Hernandez, a dwat, ak solda epi polisye nan Baz Aviyasyon vil Tegucigalpa, Ondiras, Jedi 21 Avril 2022.
Ansyen Prezidan Ondiras Juan Orlando Hernandez, a dwat, ak solda epi polisye nan Baz Aviyasyon vil Tegucigalpa, Ondiras, Jedi 21 Avril 2022.

Ondiras ekstrade Ozetazini, ansyen Prezidan Juan Orlando Hernandez pou fè fas ak akizasyon dèske li mele nan trafik dwòg ak zam.

Se yon kokenn chèn souflèt pou ansyen lidè ki te kon vante tèt li kòm alye kle Etazini nan lagè kont dwòg ilegal.

Yon avyon pati kite Ondiras ak Hernandez epi ajan Administrasyon Anti-Dwòg Etazini an, DEA, Jedi pou ale Ozetazini kote misye ap fè fas ak plizyè chèf akizasyon avoka gouvènman Nouyòk la.

Yo te arete Hernandez lakay li nan Tegucigalpa nan mwad Fevriye a sou demann Etazini.

Avoka leta Ameriken akize ansyen prezidan an dèske se lajan resevwa nan men trafikan dwòg yo ki te lakoz li te gen siksè politik nan Ondiras.

Hernandez demanti akizasyon sa yo ak tout fòs li e li di li pa komèt okenn krim.

XS
SM
MD
LG