Accessibility links

Breaking News

Boris Johnson Mande Lachin pou l Kondane Envazyon Larisi nan Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/BRITAIN-MEAST
UKRAINE-CRISIS/BRITAIN-MEAST

Premye Minis Britanik la, Boris Johnson, mande Lachin dimanch pou l pran pozisyon kont epi kondane envazyon Ris la nan Ikrèn.

Nan yon entèvyou ak jounal Sunday Times, Boris Johnson te mande Lachin, ki se yon nan alye estratejik Moskou yo, ak plizyè lòt peyi ki deside pa pran pozisyon kont Larisi menm jan ak peyi oksidantal yo pou kondane operasyon Larisi nan Ikrèn lan.

Lidè Britanik la te di "Kòm tan ap pase e Ris yo ap kontinye avek atak yo ap fè kay vwazen yo, mwen panse ke li vin pi difisil politikman e se enkonvenyan pou tou moun, deske nou tolere envazyon Putin ap fè a".

Li te konsidere ke peyi ki pa vle deside yo kounye a nan "dilèm"ak tèt yo.

Boris Johnson di "Mwen panse ke Lachin kòmanse gen dout sou lagè Putin lan."

Pawòl sa yo fè eko nan zorèy otorite Ikrèn yo, kote Samdi yo mande Lachin pou yo "kondane atak LaRisi a".

Ikrèn ak Etazini gen gwo kè sote paske yo panse ke gen posibilite pou Lachin bay Larisi èd militè oubyen ede Moskou kontourne sanksyon Lwès mete sou li.

Prezidan Ameriken Joe Biden te avèti Prezidan Chinwa Xi Jinping Vandredi sou "konsekans" k ap genyen sou Lachin si li ede Larisi.

XS
SM
MD
LG