Accessibility links

Breaking News

Yon Videyo Montre on Polisye Ajenou sou Kou yon Elèv nan Wisconsin

Imaj sa a soti nan videyo siveyans Distri Lekol Inifye Kenosha a nan eta Wisconsin pataje ak lapres. Li montre yon polisye kap eskote yon elev 12 zan soti nan kafeterya lekol la apre yon kont te pete 4 Mas, 2022.

Responsab edikasyon yo nan vil Kenosha, eta Wisconsin pibliye yon videyo ki montre yon polisye ki pa an sèvis ki mete jenou li sou kou yon tifi 12 zan pou anpeche li goumen ak yon lot elèv pandan peryod dejene a.

Distri Inifye Lekol Kenosha a pibliye Vandredi, yon pati nan videyo ki montre kont ki te pete nan lekol la 4 Mas. Apre yon polisye Kenosha ki tap travay kom gad sekirite te entèveni epi li te goumen ak tifi a. Misye tonbe atè, li frape tèt li sou tab la. Apre sa, polisye a pouse tèt tifi a jous tan li rive sou sol la epi li mete jenou li sou kou timoun nan pandan 30 segond anvan li menote li epi mennen li soti nan kafeterya a avek li.

XS
SM
MD
LG