Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy di Zak La Risi Komèt nan Mariupol Va Rete nan Listwa Kòm Sèn Krim Lagè


Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pwononse yon diskou nan vil Kyev, Ikren, bone Dimanch 20 Mas, 2022.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pwononse yon diskou nan vil Kyev, Ikren, bone Dimanch 20 Mas, 2022.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy deklare syèj Mariupol la pral rete nan listwa kom sèn krim lagè lame Ris la komèt.

"Pou fè sa anvayisè yo fè nan vil pasifik sa a, se yon zak la terè ke moun va sonje pandan plizyè syèk," prezidan an deklare Dimanch nan diskou nasyonal li pwonose sou videyo.

Zelenskyy di Ikrenyen yo negosyasyon kap kontinye ak La Risi "pa ni senp ni plezan, men yo nesesè." Misye di li diskite sou negosyasyon yo ak Prezidan Franse a Emmanuel Macron Samdi.

"Ikrèn toujou ap chache yon solisyon pasifik. An plis, nou enterese nan lapè kounyea," li deklare.

Pandansetan, lame Ris la pap menm chache reprann kadav solda li yo nan kèk vil, Zelenskyy deklare.

XS
SM
MD
LG