Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Mande Plis Sanksyon Kont La Risi: 'Frape Di, Frape Kounyea'


Irenyen ki abite Japon kenbe pannkat ak drapo nan men yo pandan yon manifestasyon pou denonse zak La Risi poze nan Ikren yo, tou pre Anbasad Ris la nan Tokyo, Japon, 23 Fevriye 2022.
Irenyen ki abite Japon kenbe pannkat ak drapo nan men yo pandan yon manifestasyon pou denonse zak La Risi poze nan Ikren yo, tou pre Anbasad Ris la nan Tokyo, Japon, 23 Fevriye 2022.

Ikrèn bat bravo Mèkredi pou seri sanksyon peyi enpoze kont La Risi akoz aksyon li poze nan ès Ikrèn, men li mande plis sanksyon toujou e rapidman. Ikrèn di sanksyon sa yo nesesè pou anpeche Prezidan Ris la, Vladimir Putin "komèt lot agresyon."

"Premye etap desizif yo te vini yè e nou rekonesan pou sa," Minis Afè Etranjè Ikrenyen an Dmytro Kuleba deklare sou kont Twitter li a. "Kounyea fok yo mete plis presyon toujou pou frennen Putin. Frape ekonomi li ak akolit li yo. Frape plis. Frape di. Frape kounyea."

Etazini, Inyon Ewopeyen an, Kanada, Grand Bretay ak Almay pran mezi Madi nan kad sa yo dekri kom apwoch o fi e a mezi yo deside pran, e yo pwomèt sanksyon pi rèd toujou si la Risi aji anko.

"Nou poko wè yon envazyon konplè, men nou di klèman ke si Prezidan Putin agrave sityasyon an, noumenm, kominote entènasyonal la pral ogmante sanksyon nou yo," Sekretè Afè Etranje Britanik la, Liz Truss deklare Mèkredi.

Ostrali ajoute sanksyon Mèkredi, ki vize manm konsèy sekirite Ris la, tandiske Japon bloke byen kèk endividi Ris epi li entèdi founisay bon Ris o Japon.

Lame Ikrèn fè konnen Mèkredi atak separatis pwo-Ris yo nan rejyon Luhansk la touye yon solda Ikrenyen e blese 6 lot. Konsèy Sekrite peyi a apwouve yon eta dijans nasyonal ki ta dire 30 jou, men fok palman an apwouve li.

XS
SM
MD
LG