Accessibility links

Breaking News

Dosye Ikrèn : Desizyon yo Konplike pou LaChin ki Aliyen pi Pre Moskou


Russia China
Russia China

Desizyon LaRisi pou voye twoup nan 2 zòn nan lès Ikrèn ki vle separe ak peyi a ap fòse yon chwa difisil pou LaChin ki aliyen pi pre Moskou, men desizyon an ka tounen kont LaRusi si sa parèt kòmkwa Moskou ap retrase fwontyè entènasyonal yo pou kont li, dapre kèk analis.

Gouvènman Prezidan LaRisi Vladimir Putin rekonèt ofisyèlman lendi Donetsk ak Luhansk ki deklare tèt yo repiblik e li òdone sa-l rele "sòlda lapè" pou ale nan rejyon ki an diskisyon yo.

Sityasyon an konplike pou lidè chinwa-a Xi Jinping, ki nan koumansman mwa a te deklare li gen yon tèt ansanm "san limit" ak LaRisi apre yon reyinyon ak Putin.

Rankont la sete dènye prèv ke LaRisi ak Lachin t ap pwoche pi pre youn ak lòt pandan tou le 2 ap chache kontrekare enfliyans Etazini nan mond la. Men kesyon Ikrèn nan deja ap teste ki kote tèt ansanm amelyore sa a ka rive.

XS
SM
MD
LG