Accessibility links

Breaking News

Trump di Putin "pa tap janm" Anvayi Ikrèn si li te Toujou Prezidan


Capitol Breach Trump Records
Capitol Breach Trump Records

Donald Trump kritike fason siksesè li Joe Biden ap jere kriz Larisi ak Ikrèn lan, li fè lwanj pou relasyon pwòch li te genyen ak Vladimir Putin epi asire prezidan Ris la "pa tap janm" aji konsa sou administrasyon li a.

Ansyen prezidan an te di nan yon deklarasyon "Si yo te byen jere sitiyasyon an, pa gen absoliman okenn rezon pou sitiyasyon an ap dejenere konsa nan Ikrèn".

Apre prezidan Ris bay lòd pou twoup Ris deplwaye nan 2 zòn separatis Pro Ris yo nan ès Ikrèn, Trump te deklare "Mwen konnen Vladimir Putin trè byen, sa li ap fè kounye a, li pa tap janm fè sa sou administrasyon mwen an".

Pwoksimite Donald Trump ak Vladimir Putin te fè anpil pale anpil avek moun ki te nan opozisyon avek administrasyon li a.

Milyadè Repibliken an, ki gen posibilite pou retounen nan kous la kòm kandida pou Mezon Blanch lan, te dekri sanksyon administrasyon Biden adopte kont Larisi yo "twò fèb ".

"Sanksyon sa yo ensiyifyan konpare a kaptire ke LaRisi kaptire yon peyi ki sitiye nan pozisyon estratejik ".

"Non sèlman Putin jwenn sa li te toujou vle, men li vin pi rich gras a gaz li vin genyen anplis".

Apre premye sanksyon, ki vize espesyalman teritwa separatis pro-Ris yo nan Ikrèn, Mezon Blanch pwomèt pou ranfòse sanksyon li yo kont Moskou.

XS
SM
MD
LG