Accessibility links

Breaking News

Tank LaRisi Woule Antre nan Lès Ikrèn


Belarus Russia Military Drills
Belarus Russia Military Drills

Tank LaRisi woule antre nan lès Ikrèn devan je piblik la nan yon misyon lapè e pou pwoteje 2 repiblik ki separe ak Ikrèn e ke Moskou te òganize, sa gen 8 lane e ke li rekonèt ofisyèlman kòm eta endepandan.

Men apre yon diskou piman bouk ki te dire 56 minit, kote lidè ris la demanti menm ekzistans yon peyi ki rele Ikrèn, pa gen anpil moun nan kapital la Kyèv ki doute ke kolòn blende yo pwal, yon jou konsa, travèse rejyon Dunbas nan Ikrèn, apre Putin fin deside rekonèt endepandans repiblik Donetsk ak Luhansk. Moun nan Kyèv wè sa kòm yon entwodiksyon pou sa ki ka yon aksyon militè ki kouvri plis teritwa.

Pandan konfwontasyon jeo-politik ki la depi dè mwa sou kesyon Ikrèn nan antre nan yon lòt nivo, peyi yo nan loksidan mete ansanm pou yon kondanasyon an komen, e plis gouvènman etranje òdone diplomat yo pou kite Kyèv e plase yo nan Lviv nan lwès Ikrèn, nan yon distans tou kout nan machin ak fwontyè Polòy, sa ki moutre yo gen kè-sote k ap ogmante kòmkwa sa p ap pran tan pou fòs ris ki deplwaye sou fwontyè Ikrèn nan resevwa lòd pou vize kapital Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG