Accessibility links

Breaking News

La Risi Evakye Anbasad li nan Ikrèn nan Moman Kriz la Ogmante


Yon ofisye lame Ikrèn gade telefon ni nan yon stasyon tren lokal nan Kyèv, Ikrèn, Mèkredi 23 Fevriye, 2022.
Yon ofisye lame Ikrèn gade telefon ni nan yon stasyon tren lokal nan Kyèv, Ikrèn, Mèkredi 23 Fevriye, 2022.

La Risi komanse evakye anbasad li nan vil Kyèv e Ikrèn bo kote pa'l lanse apèl bay sitwayen li yo pou yo mare pakèt yo, kite La Risi.

Mezi sa yo vini nan moman rejyon an ap fè preparasyon pou yon lot konfwontasyon apre Prezidan Vladimir Putin te resevwa otorizasyon pou'l sèvi ak fos militè andeyò peyi li.

Espwa ki te genyen pou yon solisyon diplomatik pou yon nouvo lagè ki taka devaste anpil moun diminye anpil. Etazini ak alye kle li yo ann Ewòp akize Moskou Madi dèske li travèse liy wouj la lè li franchi frontyè Ikrèn pou'l antre nan rejyon separatis yo kontwole.

Ajans nouvèl Ris la, Tass, rapòte La Risi komanse rale pèsonèl li soti nan pòs diplomatik peyi a genyen nan Ikrèn.

Apre plizyè semèn kote yo te eseye parèt kalm, otorite Ikrenyen yo siyale yo gen gwo kè sote kounyea.

XS
SM
MD
LG