Accessibility links

Breaking News

PM Pakistan Imran Khan Pral LaRisi Pou-l Rankontre Prezidan Vladimir Putin


Pakistan’s PM Prime Minister Imran Khan visits Russia amid Ukraine tensions
Pakistan’s PM Prime Minister Imran Khan visits Russia amid Ukraine tensions

Premye minis Pakistan an, Imran Khan ap vwayaje nan la Risi jodi mekredi a pou-l rankontre avek prezidan Vladimir Putin nan moman loksidan kondane lidè ris la pou kriz Ikrèn nan k-ap vin pi grav.

Ministè afè etranjè Pakistan an fè konnen Putin ak Khan pral revize tout eleman nan relasyon ant 2 peyi yo pami yo kowoperasyon nan domèn enèji.

Yo pral gen tou anpil boukantay opinyon sou gwo kesyon rejyonal ak entènasyonal pami-yo kesyon moun ki rayi Islam ak sityasyon an nan Afghanistan.

Dapre ajans nouvel ofisyèl Rus la TASS, potpawol Kremlen an Dmitry Peskov di jounalis yo yè madi a rankont Putin avek Khan nan gen pou-l dewoule jedi 24 fevriye a.

Otorite yo nan Islamabad pa sispan di ke vizit 2 jou Khan nan , premye vizit konsa yon premye minis Pakistan fè nan Moskou depi 23 zan, ap fèt sou envitasyon Prezidan Putin e ke li te planifye l anvan konfwontasyon Ukren nan. Khan se pral premye lidè etranje kap vizite Moskou depi Putin te rekonèt endepandans Donestsk ak Luhansk, 2 repiblik ki kite Ikrèn.

XS
SM
MD
LG