Accessibility links

Breaking News

Sekretè Defans Grann Bretay la nan Moskou Nan Mitan Gen Gwo Tansyon ant Larisi ak Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/WALLACE-RUSSIA-NEWSER
UKRAINE-CRISIS/WALLACE-RUSSIA-NEWSER

Sekretè Defans Grann Bretay la vizite Moskou nan kad yon lòt efò peyi L'Oksidan yo ap fè pou eseye desann tansyon ki genyen kote li posib sou yon posib envazyon nan Ikrèn pa Larisi.

Pandan se tan, Larisi ap fè gwo demonstrasyon toupre fwontyè vwazen li yo e li ensiste pou di ke yo pap responsab pwoblèm sa ki egziste yo ak vwazen li Ikrèn. Vwayaj Ben Wallace nan Moskou fèt yon jou apre Minis Afè Etranjè Britanik la, Liz Truss, te fè yon chita pale tou nan Moskou.

Li te mande Larisi pou retire plis pase 100,000 twoup li genyen yo ki toupre Ikrèn epi li lanse on pinga bay Moskou si li atake Ikrèn ap "genyen konsekans pou Larisi"

Larisi di li pa gen plan pou anvayi Ikrèn men li vle pou Lwès la pa kite Ikrèn ak lòt ansyen peyi Sovyetik deyò antre nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik (OTAN).

XS
SM
MD
LG