Accessibility links

Breaking News

Anthony Blinken: "Meyè Rezolisyon pou Kriz Risi-Ikrèn nan se Chimen Diplomatik"


U.S. Secretary of State Anthony Blinken speaks to VOA News in Kyiv.
U.S. Secretary of State Anthony Blinken speaks to VOA News in Kyiv.

Sekretè d'Eta Etazini Anthony Blinken deklare meyè rezolisyon pou kriz Risi-Ikrèn nan se chimen diplomatik la e ke li espere konsilte ak tokay li an Frans, ann Almay ak nan Grand Bretay nan jou k-ap vini yo.

"Tankou nou tout konnen, nou angaje nan yon estrateji sou 2 liy kote nou, yon bò, ap rapousib diplomasi, sa nou pi pito a lontan, sa ki afè moun serye a - e an menm tan n ap moute yon rezistans solid pou dekouraje LaRisi atake ," se sa Blinken di jounalis k ap vwayaje ak li pou ale Ostrali kote li pwal nan yon reyinyon sa ki rele peyi Quad yo.

Diplomasi maraton an ap kontinye mèkredi ak Sekretè Afè Etranjè britanik Liz Truss k-ap vwayaje Moskou, kote li pwal pale klè ak Minis Afè Etranjè Sergey Lavrov pou di "ke yon lòt envazyon LaRisi nan yon peyi souvren ap mennen kokenn konsekans pou tout moun ki enplike ladann."

Minis Afè Etranjè Ikrèn, Dmytro Kuleba, di jounalis yo jodia efò diplomatik alye yo ann Ewòp ap mennen an ap bese tansyon yo.

Pap François, ki t ap pale nan reyinyon li fè chak semèn nan Vatikan, lanse pwòp apèl pa li pou mande lapè. Li di: "Ann kontinye mande Bondye lapè a pou dyalòg serye simoute menas lagè," an palan de chita-koze ant LaRisi, Lafrans, Almay ak Ikrèn. Li ajoute, "E fòk nou pa bliye ke lagè se afè moun fou."

Macron te di Madi ke yon rezolisyon pou kriz la ka pran dè mwa.

XS
SM
MD
LG