Accessibility links

Breaking News

LaRisi Voye 2 Batayon Sistèm Misil Sol-Air ak yon Pakèt Djèt Konba nan Belarus


Belarusian military helicopters fly during the joint exercises of the armed forces of Russia and Belarus at a firing range in the Brest Region, Belarus, Feb. 3, 2022.
Belarusian military helicopters fly during the joint exercises of the armed forces of Russia and Belarus at a firing range in the Brest Region, Belarus, Feb. 3, 2022.

2 kòmandan Ris wo-plase rive lakay vwazen Belarus mèkredi, kote yo pwal sipèvize 30,000 solda Ris k-ap nan antrènman pandan 10 jou ansanm ak lame Belarus la nan dènye ekzibisyon fòs Moskou bò fwontyè Ikrèn nan.

LaRisi voye 2 batayon sistèm misil sol-air ak yon pakèt djèt konba ale nan Belarus pou ekzèsis yo, kote Jeneral Valery Gerasimov, chef deta majò lame rus la, ap kòmande ekzèsis yo k ap tanmen jodi Jedi a.

Antrènman nan Belarus la se dènye menas ki vini kont Ukrèn, ki gen kapital li Kyèv nan distans sèlman 210 kilomèt ak pati sid fwontyè a. Moskou deplwaye tou bato de gè nan Lanmè Nwa a e li rasanble plis pase 100-mil sòlda arebò pati lès Ukrèn.

Gouvènman Kyèv la anonse 10 jou ekzèsis militè pa li, k ap koumanse jodi jedi a tou, k ap sèvi ak avyon san moun e ak misil anti-tank ke alye yo nan loksidan te voye ba li.

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov fè konnen LaRisi t ap òganize ekzèsis ansanm ak Belarus pou konbat menas pou sekirite ke li pa te janm konnen anvan.

XS
SM
MD
LG