Accessibility links

Breaking News

Joe Biden Menase pou Bloke Manman Tiyo Gaz Natirèl Nord Stream 2 a si LaRisi Anvayi Ikrèn


Président ya Russie Vladimir na Kremlin, Moscou, 1er mars 2018, ya Ukraine Volodymyr Zelensky na Kieve, 8 décembre 2021 mpe Joe Biden ya Etats-Unis na Washington, Delware, 15 janvier 2021. (Ba photos basangisa)
Président ya Russie Vladimir na Kremlin, Moscou, 1er mars 2018, ya Ukraine Volodymyr Zelensky na Kieve, 8 décembre 2021 mpe Joe Biden ya Etats-Unis na Washington, Delware, 15 janvier 2021. (Ba photos basangisa)

Prezidan Etazini Joe Biden menase pou bloke manman tiyo gaz natirèl Nord Stream 2 a si LaRisi anvayi Ikrèn.

Gwo tiyo k ap pase anba lanmè a konekte direkteman ak Ewòp gaz k ap soti nan LaRusi, an pasan pa Almay e li acheve, men li pako aktif. Li tounen yon gwo zouti ke kèk gouvènman nan l'Oksidan ap vize pou yo dekouraje LaRisi atake vwazen li.

Otrefwa, li te yon sous tansyon ant Etazini ki kont pwojè a, ak Almay. Chanselye Olaf Scholz fè konnen tout chwa yo sou tab la men li evite pale espesyalman de Nord Stream 2 nan yon konferans pou laprès ak Biden nan Washington.

Si tank ris antre nan Ikrèn, "p ap gen Nord Stream 2 ankò," se sa Biden di lendi. Scholz ensiste pou di ke li pa vle detaye sanksyon yo klè pou pouse LaRisi kalme tansyon an.

Nord Stream 2 se yon tiyo ki gen yon longè mil-230 kilomèt, ki soti LaRisi, pase anba Lanmè Baltik pou rive sou kot Baltik ann Almay.

XS
SM
MD
LG