Accessibility links

Breaking News

2 Senatè Ameriken Mande Meksik pou l Pwoteje Jounalis yo


Meksik Etazini
Meksik Etazini

2 senatè ameriken voye yon lèt bay Sekretè d'Eta ameriken an Antony Blinken, nan lèt sa yo mande pou Blinken "mande gouvènman Meksiken an pou fè yon efò anplis pou pwoteje jounalis ki nan peyi Meksik."

4 jounalis te pèdi lavi yo nan peyi Meksik nan mwa janvye ak yon 5yèm yo te atake men li te rive chape poul li nan mwa fevriye a.

Sen. Tim Kaine, yon Demokrat ki soti nan eta Vijini, ak Senatè Repibliken ki soti nan eta Florid. Marco Rubio mande Depatman Deta Madi pou l fè yon rapò sou sa l ap fè pou ede amelyore sekirite jounalis yo nan peyi Meksik.

2 senatè yo te kritike Prezidan Meksiken an, Andrés Manuel López Obrador, paske li “toujou ap denigre jounalis yo paske yo konn oze kritike administrasyon an”.

XS
SM
MD
LG