Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Voye Plis Twoup ann Ewòp Nan Moman Tansyon yo Ogmante


Nan foto sa a ke Sevis Lapres Ministe Defans Ris la pibliye yon solda tire pandan yon egzesis milite ak Belrisi, 2 Fevriye 2022.
Nan foto sa a ke Sevis Lapres Ministe Defans Ris la pibliye yon solda tire pandan yon egzesis milite ak Belrisi, 2 Fevriye 2022.

BRUSSELS - Pentagon fè konnen Prezidan Joe Biden ap voye 2,000 twoup Ameriken ki estasyone aktyèlman nan Fort Bragg, Kawolin di Nò pou voye yo nan Polòy ak Lamay semèn sa a. Etazini ap voye tou yon pati yon inite anfantri Stryker ki gen 1,000 sòlda ladann e ki baze ann Almay nan Woumani.

Biden di li pap mete okenn twoup Ameriken nan Ikrèn pou goumen kont yon envazyon Ris, men Etazini voye zam bay Ikrèn pou ede'l defann tèt li.

Desizyon militè sa yo vini nan moman diskisyon ak La Risi sou kestyon twoup militè lap gonfle tou pre frontyè Ikrèn pa fè pwogrè.

XS
SM
MD
LG