Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Ameriken nan LONU di Agresyon LaRisi Menase Ikrèn, ak Ewòp



Linda Thomas-Greenfield, Permanent Representative of the United States to the United Nations, addresses the Security Council
Linda Thomas-Greenfield, Permanent Representative of the United States to the United Nations, addresses the Security Council

Etazini ak LaRisi te nan konfwontasyon lendi nan Konsèy Sekirite Nasyon Zini an sou akizasyon Washington kòmkwa Moskou ap planifye yon kokenn envazyon lakay vwazen li Ikrèn, bagay Kremlen an demanti.

"Sityasyon ki devan nou la ann Ewòp la ijan e danjre, e danje ki gen pou Ikrèn - e pou nou chak peyi manm l-ONU - pa-t ka pi gwo pase sa," se sa anbasadè Etazini nan l-ONU Linda Thomas-Greenfield di manm konsèy-la-yo.

Li di ke nan plis pase 100,000 solda ki gonfle sou fwontyè Ikrèn-nan, gen fòs konba ak fòs espesyal ki pare pou yo lanse atak sou ansyen repiblik sovyetik la.

"Se pi gran - se pi gran - tande-m byen - mobillizasyon twoup ann Ewòp depi plizyè dizèn lane," se pawòl Thomas-Greenfield ki kontinye pou-l di, "Pandan n-ap pale la-a, LaRisi ap voye menm plis fòs ak zam toujou pou ajoute sou yo."

Anbasadè ameriken an di agresyon LaRisi a menase Ikrèn, Ewòp ak lòd entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG