Accessibility links

Breaking News

Antony Blinken Pale nan Telefòn ak Tokay Ris li Sergey Lavrov


Russia Upping the Ante
Russia Upping the Ante

Sekretè d'Eta Ameriken an Antony Blinken pale nan telefòn ak tokay Ris li Sergey Lavrov sou prezans sòlda Ris yo sou fwontyè Ikrèn. 2 responsab yo pwomèt pou kontinye diskite sou dosye a.

Yon responsab wo plase depatman d'Eta ki t ap pale ak ajans nouvèl Reuters site pawòl nimewo 1 depatman deta a ki deklare bay chèf diplomasi ris la Etazini louvri pou kontinye chita pale bilateral ak Larisi-fòma LOTAN-Risi ak OSCE Larisi. Sous la ajoute msye Blinken ajoute bay msye lavrov si Larisi pa gen entansyon anvayi Ikrèn-se moman pou l retire sòlda li genyen sou fwontyè Ikrèn nan.

Efò diplomatik jodi madi a pou diskite kriz Ikrèn nan gen ladann yon vwayaj premye minis britanik la boris johnson ap fè nan vil Kyèv pou diskite ak prezidan Ikrènyen an Volodymyr Zelenskiy. Nan yon deklarasyon premye minis Britanik la Boris Johnson pibliye li mande Larisi pou l retire sòlda li yo epi antame yon dyalòg pou jwen yon solisyon diplomatik pou evite san koule.

Prezidan Joe Biden te itilize pawòl fò nan moman kriz la ap apwofondi ant Moskou ak Washington.

"Nou kontinye ap ankouraje diplomasi kòm meyè mwayen. "Si Larisi kontinye ap mase sòlda li yo sou fwontyè Ikrèn nan nou pare-jann l pase li pase. " Pawòl sa yo pa anpche prezidan Vladimir Putin kontinye deplwaye plizyè milye sòlda pa sèlman sou fwontyè Ikrèn men nan Belaris tou.

Lamezonblanch deklare plis pase 105 mil sòlda Ris prèske ansèkle Ikrèn. Larisi pa dakò pou Ikrèn vinn manm òganizasyon trete atlantik nò a pandan li mande etazini pou l entèdi ikrèn entegre alyans defans militè a.

Anbasadè Etazini nan Nasyonzini Linda Thomas Greenfield pale pou di "sitiyasyon nap fè fas ann ewòp ijan e danjere. Anje pou Ikrèn ak chak peyi manm nasyonzini pa kapab pi elve."

An repons, anbasadè Larisi nan Nasyonzini Vassily Nebenzia reponn pou l di Larisi pa gen entansyon anvayi Ikrèn. Nou vle yon bagay konsa rive, n ap tann pou l rive poutèt ou vle pawòl ou tounen reyalite malgre nou rejte akizasyon yo -- pa gen oken menas pou n anvayi Ikrèn.

Angela Stent, yon analis nan Brookings Institution, deklare diskisyon ant 2 puisans niklèyè se plis yon deferans pwen-d-vu mondyal. Yon Ewòp estab enpòtan nan enterè Etazini epi voye plis pase $200 milyon dola asistans sekirite bay Ikrèn ki pa manm l’otan fè pati kesyon an. Sa pa gen anyen pou wè ak ideyoloji men. Sa gen pou wè ak pouvwa politik, men tou prensip ki gen pou wè ak entegrite teritoryal ak souverènte.

XS
SM
MD
LG