Accessibility links

Breaking News

La Risi, Etazini Dozado nan Rankont Konsèy Sekirite LONU sou Ikrèn


Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale devan Konsey Nasyonal Sekirite a, Lendi 31 Janvye 2022.
Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale devan Konsey Nasyonal Sekirite a, Lendi 31 Janvye 2022.

Etazini ak La Risi te dozado devan Konsey Sekirite Nasyonzini an Lendi, kote Moskou echwe nan tantativ li tap fè pou'l anpeche yon rankont piblik fèt sou pakèt twoup Moskou gonfle sou frontyè Ikrèn nan ak kè sote l'Oksidan genyen pou'l pa al anvayi peyi sa a.

Anbasadè Etazini, Linda Thomas-Greenfield pa okipe akizasyon Anbasadè Ris la Vassily Nebenzia lanse pou di kom kwa Washington ap eseye chofe tèt moun lè li deklare sityasyon sa a se yon kriz li ye.

Thomas-Greenfield reponn misye ke "Imajine kijan ou tap jennen si ou te gen 100,000 twoup sou frontyè peyi ou."

Vot sou kestyon pou yo rankontre piblikman an pase ak yon maj 10 pou e 2 kont -La Risi ak La Chin vote non- epi te gen 3 abstansyon (peyi ki pat vote ditou).

La Risi demanti li gen entansyon atake Ikrèn.

XS
SM
MD
LG