Accessibility links

Breaking News

Austin di Putin Gen Yon Pakèt Opsyon nan Ikrèn


Sekretè Defans Etaini Lloys Austin pran lapawol pandan yon konferans pou laprès nan Pantagon nan, Vandredi, 28 Janvye, 2022 nan Washington.
Sekretè Defans Etaini Lloys Austin pran lapawol pandan yon konferans pou laprès nan Pantagon nan, Vandredi, 28 Janvye, 2022 nan Washington.

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin deklare La Risi gen ase twoup sou frontyè peyi Ikrèn, pou'l ka gen yon seri opsyon a la dispozisyon li. Pami opsyon sa yo gen yon envasyon konplè.

Pi bonè Vandredi, Prezidan Ris la Vladimir Putin di Prezidan peyi La Frans, Emmanuel Macron ke l'Oksidan pa reyisi konsidere demann kle Moskou te fè pa rapo ak sispansyon ekspansyon l'OTAN, ak deplwaman yo tou pre frontyè La Risi. Moskou mande tou pou twoup alyans yo soti nan rejyon ès Ewop.

Etazini ak L'OTAN rejte demann sa yo. Minis Afè Etranjè Ris la, Sergey Lavrov deklare la Risi pa vle fè lagè, men li pa wè okenn posibilite pou fè kompwomi sou deman sa yo.

XS
SM
MD
LG