Accessibility links

Breaking News

La Risi Pa Optimis Fas ak Repons Etazini sou Kriz Ikrèn nan


Yon solda Ikrèn mache sou chan batay la nan zon Luhansk nan rejyon ès Ikrèn, 27 Janvye 2022.
Yon solda Ikrèn mache sou chan batay la nan zon Luhansk nan rejyon ès Ikrèn, 27 Janvye 2022.

MOSKOU - Kremlen an deklare rejè Etazini bay sou prensipal demann La Risi fè pou rezoud kriz Ikrèn nan "pa kite anpil rezon pou optimism" men ke diyalog toujou posib.

Tansyon yo ogmante anpil nan jou ki sot pase yo, apre Etazini ak alye li yo nan l'OTAN te eksprime kè sote yo pa rapo ak 100,000 twoup Ris ki rasanble tou pre frontyè Ikrèn nan, yon siy ki montre li taka pare pou'l anvayi peyi vwazen ni.

La Risi demanti se sa li anvizaje - e li fè yon seri demann ke li di pral amelyore sekirite a ann Ewop.

Sepandan, Etazini ak alyans Oksidantal la rejte lide pou yo ta fè okenn konsesyon sou pwen prensipal Moskou soulve Mèkredi.

Kounyea, tout je brake sou kijan Prezidan Vladimir Putin pral reponn.

XS
SM
MD
LG