Accessibility links

Breaking News

Dosye Ikrèn: Larisi pa Ekate Posibilite pou l Reponn Kif-Kif


FILE - Russian President Vladimir Putin, left, and Alexei Miller, Russian natural gas giant Gazprom CEO, attend a meeting in Novobureyskiy, Russia, on Aug. 3, 2017.
FILE - Russian President Vladimir Putin, left, and Alexei Miller, Russian natural gas giant Gazprom CEO, attend a meeting in Novobureyskiy, Russia, on Aug. 3, 2017.

Larisi pa ekate posibilite pou l reponn kif-kif si Etazini ta pran sanksyon kont Prezidan Vladimir Putin sizoka solda ris yo ta anvayi ikrèn.

Pòt pawòl Kremlen an Dmitry Peskov deklare bay jounalis yo sanksyon konsa pap politikman yon doulè men kapab destriktiv.

Prezidan Joe Biden ki t ap pale madi 25 janvye a te lanse avètisman pou di ap gen konsekans grav ak enòm pou prezidan putin tankou sanksyon pèsonèl sou lidè Kremlen an si l ta mande 127 mil solda sou fwontyè Ikrèn nan atake - yon envazyon si l ta fèt ta kapab pi gwo envazyon depi 2èm Gè Mondyal la e ki kapab chanje mond la.

Prezidan Joe Biden deklare Etazini gen yon obligasyon sakre pou l pote asistans bay alye LOTAN yo ki anba menas. Ikrèn pa yon manm l’OTAN menm si l ap chache entegre l nan alyans militè a.

Prezidan Biden souliyen oken pami 8,500 solda Etazini mete an eta dalèt maksimòm semen sa a pap antre sou teritwa Ikrènyen an e yo pap deplwaye non plis nan yon operasyon l’OTAN.

Prezidan Putin fè konnen li pa gen entansyon anvayi Ikrèn men li konsidere ekspansyon l’OTAN an Ewòp de lès kòm yon menas pou peyi l. Minis afè etranjè Ris la Sergei Lavrov deklare bay palmantè yo jodi mèkredi a si loksidan kontinye kous agresiv li a moskou ap pran mezi nesesè pou reponn kif-kif.

Efò pou rezoud kriz la diplomantikan gen ladan chita pale ki te dewoule semen pase a ant etazini, larisi, lotan ak òganizasyon pou sekirite ak kowoperasyon ewopeyen an.

Prezidan Franse a Emmanuel Macron deklare yè madi a li pral chache klarifye entansyon larisi pandan yon konvèsasyon telefonik li gen pou l fè ak Prezidan Putin vandredi 28 janvye a.

Larisi konsidere kòm yon menas posibilite pou peyi manm ansyen manm inyon sovyetik yo ta fè pati l’otan pandan li mande pou alyans la pa aksepte Ikrèn kòm manm. Yon demand peyi oksidantal yo rejte. Lidè peyi sa yo fè konnen yo pap bay Larisi pouvwa veto pou l deside ki peyi ki dwe manm alyans militè 30 manm nan ki te fonde pou l te kanpe fas ak inyon sovyetik apre 2èm Gè Mondyal la.

XS
SM
MD
LG