Accessibility links

Breaking News

La Risi Deklare l ap Swiv ak Anpil Enkyetid sa k ap Pase vizavi Ikrèn


FILE - Russian President Vladimir Putin looks on during a meeting in Moscow, Russia, Jan. 19, 2022.
FILE - Russian President Vladimir Putin looks on during a meeting in Moscow, Russia, Jan. 19, 2022.

La Risi fè konnen jodia l ap swiv ak anpil enkyetid sa k ap pase, apre yon aksyon Etazini pran ou mete 8,500 solda ann eta d alèt petèt pou deplwaye yo nan lès Ewòp.

Pòtpawòl Kremlen an Dmitry Peskov repete pou jounalis yo akizasyon La Risi lanse pou di kòmkwa se Etazini k ap chofe tansyon nan kriz sou fwontyè ant La Rusi ak Ikrèn nan.

Prezidan Etazini Joe Biden te fè reyinyon sou entenèt, lendi apremidi ak kèk lidè kle ann Ewòp pou diskite sou yon envazyon La Risi nan Ikrèn.

"Mwen te gen yon bon, bon reyinyon - tout lidè yo nèt nan Inyon Ewòp-la," se sa Biden di jounalis yo apre li te fin fè reyinyon ak lidè alye yo ann Ewòp, Inyon Ewòp-la ak l-OTAN.

Biden pako deside si l-ap deplase ekipman militè ameriken ak sòlda pi pre La Rusi.

XS
SM
MD
LG