Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Washington Panse Moskou pral Itilize"Fòs Militè" nan Mitan mwad Fevriye


UKRAINE-CRISIS/NATO
UKRAINE-CRISIS/NATO

Sekretè Deta adjwen Ameriken Wendy Sherman deklare Mèkredi, Etazini panse ke La Risi kapab "itilize fòs militè" kont Ikrèn "petèt" nan mitan mwa fevriye a.

"Tout endikasyon montre" ke Prezidan Ris la, Vladimir Putin "pral sèvi ak fòs militè, petèt ant kounye a ak mitan mwad fevriye a".

"Mwen pa konnen sa k ap pase nan tèt Prezidan Putin. Gen yon sèl moun ki fè sa, e se Putin li menm," li te eksplike pandan yon konvèsasyon vityèl ak Yalta European Strategy, yon fowòm pou refleksyon sou "avni Ewopeyen an Ikrèn". "Mwen panse ke menm moun ki bò kote l 'pa konnen ki sa li pral fè."

XS
SM
MD
LG