Accessibility links

Breaking News

Bliye Sa - Etazini Refize Fè Konsesyon sou Ikrèn


Anbasade Ameriken nan La Risi John Sullivan antre nan biwo Ministe Afe Etranje Ris la nan Moskou, 26 Janvye 2022.
Anbasade Ameriken nan La Risi John Sullivan antre nan biwo Ministe Afe Etranje Ris la nan Moskou, 26 Janvye 2022.

WASHINGTON - Administrasyon Biden nan ak L'OTAN di La Risi, pap gen okenn konsesyon bò kote ni Etazini, ni alye yo, sou prensipal demann Moskou fè pou rezoud kriz Ikrèn nnan.

LOTAN kenbe fèm ak politik "pot ouvè" alyans la pa rapò ak manm ni yo e li rejte kare-bare demann La Risi fè pou entèdi an pèmanans Ikrèn pou'l vinn manm alyans la. L'OTAN deklre tout deplwaman twoup alye yo ak ekipman militè nan Ewòp de l'Es pa negosyab.

Se pa tankou si moun pat atann yo ak repons sa a - yo reflete sa wo responsab Ameriken ak L'OTAN repete plizyè fwa pandan semèn ki pase yo.

Kanmenm, 2 dokiman yo ak reyaksyon evantyèl La Risi fas ak dokiman sa yo taka detèmine si l'Ewop pral plonje nan yon lòt konfli.

XS
SM
MD
LG