Accessibility links

Breaking News

La Risi: Sergey Lavrov "Pa Gen Repons Pozitif"


Sekrete d'Eta Antony Blinken salye Minis Afe Etranje Ris la Sergey Lavrov anvan rankont yo a nan vil Jenev an Swis, 21 Janvye 2022.
Sekrete d'Eta Antony Blinken salye Minis Afe Etranje Ris la Sergey Lavrov anvan rankont yo a nan vil Jenev an Swis, 21 Janvye 2022.

La Risi di jedi pa gen anpil rezon pou espere ke tansyon yo pwal diminye nan lès Ewòp apre Etazini fin rejte ekzijans li pou Ikrèn pa janm antre nan l-OTAN e pou loksidan wete twoup ak zam li te deplwaye nan peyi-yo ki antoure La Risi.

Minis Afè Etranjè Sergey Lavrov deklare repons Etazini pou ekzjijans li yo "pa gen repons pozitif," men gen kèk eleman ki ka mennen nan "koumansman yon chita-koze serye sou kèk kesyon ki gen mwens enpòtans." Etazini ak alye-li-yo ann Ewòp rejte prensipal ekzijans yo kòmkwa yo pa ka sou tab pou ouvri negosyasyon."

Prensipal diplomat Kremlen an di otorite-yo pwal soumèt pwopozisyon-yo devan Vladimir Putin. Pòtpawòl li, Dmitry Peskov, fè konnen reyaksyon La Risi ap vini talè, e li ajoute "toujou gen espwa pou kontinye dyalòg. Li nan enterè ni nou-menm, ni Ameriken yo."

Otorite Ikrèn, LaRisi, LaFrans ak Almay te fè chita-koze mèkredi nan Paris, e yo antann yo pou yon lòt seri chita-koze nan Bèlen nan 2èm semèn mwa Fevriye.

XS
SM
MD
LG