Accessibility links

Breaking News

Kanada Wetire Twoup li yo, Anplwaye ki pa Esansyèl nan Anbasad li nan Ikrèn


Ukraine Canada
Ukraine Canada

Dimanch Kanada te wetire twoup militè li yo nan lwès peyi Ikrèn epi li te anonse ke tout anplwaye ki pa esansyèl ki estasyone nan anbasad li nan Kyèv ap kite peyi a, akòz tansyon sou fwontyè La Risi ak Ikrèn.

Minis Defans Kanadyen an, Anita Anand te di dimanch "Fòs Lame Kanadyen nou yo te kite lwès Rivyè Dniep la, epi nou pral kontinye pran tout prekosyon ki nesesè pou asire sekirite yo."

Minis la pa bay okenn detay sou sitiyasyon tansyon ant Ikrèn ak Larisi nan chita pale li te fè avek laprès nan Kyèv, apre yo fin rankontre lidè yo nan operasyon militè Kanadyen Unifier la, ki vize sipòte fòs sekirite Ikrèn yo.

Kanada gen kounye a 900 sòlda "sou lanmè, sou tè ak anlè" pou sipòte misyon Òganizasyon Trete Nò Atlantik la.

Larisi te deplwaye plis pase 100,000 twoup ak zam lou toupre fwontyè Ikrèn lan, dapre peyi oksidantal yo, ki pè posiblite pou yon envazyon.

Kanada tou te retire manm fanmi diplomat ki pa esansyèl k ap travay nan anbasad Ikrèn lan.

Nan yon kominike Otawa te di ke Kanada pral ranfòse ekip anbasad li nan Kyièv "ak ofisyèl ki gen ekspètiz nan domèn tankou refòm sektè sekirite, jesyon konfli, refòm demokratik, sèvis konsila ak diplomasi".

Malgre ke anbasad Kanadyen an nan Kyièv rete ouvè, gouvènman Kanadyen an konseye sitwayen li yo pa vwayaje nan Ikrèn "akòz menas aktyèl yo soti nan Larisi ak deplwaman militè li nan ak alantou peyi a".

Lèzetazini ak Wayòm Ini lanse menas nouvo sanksyon kont Larisi dimanch, pandan Washington ak alye Òganizasyon Trete Nò Atlantik li yo ogmante efò yo pou dekouraje Moskou pa anvayi Ikrèn, ki li menm te mande peyi vwazen an pou retire twoup li yo sou fwontyè a.

XS
SM
MD
LG