Accessibility links

Breaking News

Etazini Pwomèt Pou'l Mete La Risi sou la Defansiv nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an


Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 1 Mas, 2021.
Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 1 Mas, 2021.

Etazini ap travay pou'l ogmante presyon diplomatik ak finansye sou La Risi pou fason lap aji vizavi Ikrèn. Anbasadè Ameriken nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield di pwogram "This Week" chèn televizyon Amerikèn ABC la Dimanch ke La Risi pral oblije reponn poukisa lap gonfle twoup li yo sou frontyè Ikrèn pandan tankont Konsèy Sekirite L'ONU an.

La Risi gen dwa poze veto li (sètadi rejte) desizyon ki pran nan rankont sa yo. Lyen li genyen fas ak lòt peyi manm Konsèy la lakoz pa gen anpil chans pou yon aksyon ofisyèl soti nan rankont sa a.

Sepan dan palmantè wo plase Demokrat ak Repibliken Ameriken yo di CNN yo prèske finn antann yo sou sa yo rele "manman tout sanksyon" kont La Risi.

Chèf misyon Risi nan Konsèy Sekirite a, Nikolai Patrushev rejte tout avètisman l'Oksidan lanse pou di kòm kwa La Risi ap anivzaje anvyi Ikrèn.

XS
SM
MD
LG