Accessibility links

Breaking News

La Risi Deplase Egzèsis Militè Naval ki te Boulvèse Irland


Nan foto sa a ke Sevi Lapres Ministe Defans Ris la pran, kamyon milite Ris yo ap kite platfom tren apre yo finn rive Belarisi, 29 Janvye 2022.
Nan foto sa a ke Sevi Lapres Ministe Defans Ris la pran, kamyon milite Ris yo ap kite platfom tren apre yo finn rive Belarisi, 29 Janvye 2022.

La Risi fè konnen li pral deplase egzèsis militè li tapral fè tou pre kot Irland apre gouvènman Dublin an soulve kè sote li genyen nan moman tansyon yo wo anpil ant l'Oksidan ak Moskou akoz agresyon ki ta sanble endike li vle anvayi Ikrèn.

Egzèsis Ris yo fikse pou 3 a 8 Fevriye e yo te sipoze dewoule a 240 kilomèt o sidwès Irland. Yo pwograme pou dlo entènasyonal men zòn sa a fè pati zòn eksklizif ekonomik Irland la.

Premye Minis Irlandè a, Simon Coveney pwoteste semèn sa a kont egzèsis militè a. Se pa moman pou ogmante aktivite militè ak tansyon yo," li deklare.

Anbasad La Risi nan Irland pibliye yon lèt sou Facebook Samdi ke Anbasadè Yuriy Filatov siyen, kote li di yo pral deplase egzèsis yo pou fè yo andeyò zon ekonomik Irlandè a pou ke yo pa deranje lapèch kap fèt nan pati lanmè sa a.

XS
SM
MD
LG