Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Washington Voye Ranfò Militè an Ewòp


FILE - A U.S. soldier is seen during a handover ceremony of Taji military base from U.S.-led coalition troops to Iraqi security forces, in the base north of Baghdad, Iraq, Aug. 23, 2020.
FILE - A U.S. soldier is seen during a handover ceremony of Taji military base from U.S.-led coalition troops to Iraqi security forces, in the base north of Baghdad, Iraq, Aug. 23, 2020.

Pòtpawòl Pentagòn John Kirby anonse ke prezidan Ameriken Joe Biden planifye pou voye 3,000 militè an Ewòp pou sipòte fòs Òganizasyon Trete Nò Atlantik la "nan jou kap vini yo",

Nan yon konferans pou laprès Mesye Kirby anonse pandan ke Larisi pa montre okenn entansyon pou diminye prezans militè li sou fwontyè Ikrèn lan, Loksidan gen kè sote pou Larisi pa envayi Ikrèn "1,000 sòlda ki estasyone kounye a nan Almay yo pral repositionne nan Woumani nan jou kap vini yo",

Yo pral rejwenn 900 sòlda Ameriken ki deja deplwaye nan peyi a, pou mete ansanm avek sa sòlda franse yo tou.

"Etazini pral kontinye konsilte ak kowòdone ak Lafrans ak tout alye nou yo pou asire ke nou konplete youn ak lòt nan deplwaman respektif nou yo"

Anplis de sa, 2,000 twoup ki soti nan 82nd Airborne Division, prensipal fòs reyaksyon rapid militè Ameriken an, pral voye nan Almay ak Polòy, Kirby.

"Deplasman sa yo se siyal klè bay mond lan ke nou pare pou rasire alye Òganizasyon Trete Nò Atlantik nou yo ak detèmine pou defann yo kont nenpòt agresyon,".

XS
SM
MD
LG