Accessibility links

Breaking News

Siri: Moun Kontinye Pèdi Lavi yo Malgre yon Seselfe


Militan siryen yo di fos sekirite yo touye omwen 27 sivil nan atak yo lanse atravè Siri nan moman la Frans lanse apèl pou mande pou yo ogmante tou suit yon ti gwoup obsèvatè Nasyonzini k ap kontwole trèv la nan Siri.

Obsèvatwa siryen pou dwazimen ki gen baz li nan la Grand Bretay di gouvènman –an pilonnen vil Hama nan sant peyi a kote omwen 12 moun mouri mèkredi 25 avril la. Militan yo di sòlda yo pilonnen Douma yon banlye Damas alòske yo sispèk fran tire gouvènman an nan kominn nan touye 2moun.

Yon lòt kote, obsèvatwa pou dwazimen an di rebèl siryen yo touye 3 sòlda gouvenman an nan yon batay ki dewoule nan pwovens Daraa ki nan sid Siri.
XS
SM
MD
LG