Accessibility links

Breaking News

Siri:7 Moun Mouri nan yon Konfwontasyon ak Fòs Gouvènmantal yo


Nan peyi Siri, militan yo di sòlda yo touye omwen 7 moun nan moman yon ti gwoup obsèvatè Nasyonzini rekòmanse misyon yo pou yo kontwole yon seselfe frajil nan konfli ant gouvènman an avèk rebel yo---konfli ki gen yon lane.

Obsèvatwa siryen dwazimen an, ki gen baz li nan la Grand’Bretay, di 4 moun mouri e divès lòt blese lè fòs sekirite yo te louvri zam sou yon otobis nan yon pòs enspeksyon nan pwovens Idlib nan nò Siri.

Ajans nouvèl Leta peyi Siri, Sanaa, rapòte fòs sekirite yo touye yon teworis nan Idlib aprè yo te dejwe yon tantativ enfiltrasyon militan ame ki te soti Turki. Li pako klè si nouvèl sa a t ap fè referans ak menm ensidan an.
XS
SM
MD
LG