Accessibility links

Breaking News

Yon Ajan Ransèyman Pèdi Lavi li Anba Bal nan Siri


Obsèvatwa Dwazimen siryen an nan vil Lond, Grande Bretay, di Lavwadlamerik ofisye a mouri nan katye Barzeh

Militan yo nan Siri fè konnen yon ajan ransèyman pèdi lavi li anba bal e 3 moun blese nan eksplozyon yon bonm nan kapital siryèn nan, Damas.

Atak sa yo rive nan moman obsèvatè yo genyen kè sote daprèzavwa konfli a, ki antre nan 13zyèm mwa la, ap pran pi plis yon dimansyon militè tandiske efò diplomatik pou kore sesèlfe a ap rapouswiv.

Obsèvatwa Dwazimen siryen an nan vil Lond, Grande Bretay, di Lavwadlamerik ofisye a mouri nan katye Barzeh. Gouvènman siryen an pa fè okenn kòmantè.

Rebèl k ap chèche jete prezidan Bashar al-Assad sou pouvwa a ogmante atak yo sou sib militè yo e 3 ajan sekirite yo pèdi lavi yo abò otomobil yo pandan yo ta pral nan travay.
XS
SM
MD
LG