Accessibility links

Breaking News

Siri: Homs pa Sispann Resevwa Atak Malgre yon Sesèlfe


Militan fè konnen fòs gouvènman yo nan Siri laji atak yo sou pozisyon ki anba men opozisyon an, kote yo touye 2 sivil e blese plizyè douzèn lòt pandan yon sesèlfe – ki te soti nan yon atant – kontinye ap kraze malgre prezans obsèvatè etranje yo.

Obsèvatè Siryen pou Dwa Moun nan ki baze nan Grand Bretay fè konnen sivil yo viktim lè tank lame a te pilonnen bouk Busra ak Harir, yon pozisyon ki anba kontwòl Lame Siri Lib nan pwovens Daraa nan sid peyi a.

Gwoup militan an fè konnen twoup ki fidèl ak Prezidan siryen an,Bashar al-Assad, te kontinye pilonnen tou katye Khaldiyeh ki anba men rebèl yo nan vil Homs nan sant peyi a, yon sant pou revòlt kont gouvènman an.

Homs pa sispann resevwa atak. Li te gen yon kalm sèlman nan premye jou sesèlfe a.
Pa gen sous endepandan pou verifye kantite viktim yo.
XS
SM
MD
LG