Accessibility links

Breaking News

Siri Mete Anvigè Seselfe Anvwaye Espesyal l'Onu-Lig Arab la


Siryen yo leve maten an anba yon seselfe Nasyonzini ede tabli e y ap mande eske akò sa a ki vize mete fen nan 13 mwa vyolans ak larivyè san kap koule nan peyi yo a pral kenbe.
Seselfe a antre ann aplikasyon a 6 zè lokal nan Siri, e nouvèl yo pa rapòte okenn zak vyolans.

Gouvènman siryen an pwomèt pou l respekte trèv la ke anvwaye espesyal l’Onu ak Lig Arab la, Kofi Annan, te ede mete sou pye. Men nan yon kominike ki parèt jedi 12 avril la, otorite siryen yo avèti fòs ame yo pral rete veyatif---prè pou reyaji kont nenpòt atak gwoup teworis ame yo ta fè kont popilasyon sivil la ou kont militè yo.

Nan menm kominike sa a, responsab yo di Lame a "lite ak siksè kont gwoup teworis ame yo e li retabli Eta De Dwa atravè peyi a."

Mwa pase, misye Annan te ede mete sou pye yon plan lapè ki genyen 6 pwen e ki mande gouvènman siryen an rale kò li nan gwo sant "iben yo" disi 10 avril epi sispann operasyon militè yo.
XS
SM
MD
LG