Accessibility links

Breaking News

L’ONU ap Voye Yon Misyon Mentyen Lapè nan Siri


Yon ekip Nasyon Zini kap travay sou kesyon mentyen-lapè prale nan Siri pou abòde ak otorite yo posiblite pou l ONU voye nan peyi a yon misyon pou sipèvize aplikasyon yon seselfe, nan moman militan dwamoun yo fè konnen twoup gouvènmantal yo tonbe nan konfwontasyon ak rebèl yo nan plizyè vil atravè Siri.

Daprè militan yo toujou, sòlda yo tire koutzam lou nan Damas, pi presizeman nan katye Douma kote kèk gwo kout mòtye tonbe jedi 5 avril 2012 la; batay dewoule tou nan pwovens Aleppo, nan pati nò peyi a, tou prè fwontyè Siri ak Tiki. Daprè yon ofisyèl Tiki, yon afè de mil sitwayen siryen travèse fwontyè a pou yo antre sou tèritwa tik la nan 24 trè ki pase yo.

Nouvèl la fè sonje prezidan siryen an, Bashar al-Assad, te aksepte yon plan lapè anvwaye espesyal l ONU ak Lig Arab la, Kofi Annan, te prepare; se yon plan ki mande pou fòs gouvènmantal yo sispann tout zak vyolans nan yon delè kap pran fen nan dat 10 avril k ap vini la a.

Manm Konsèy Sekirite l ONU-yo prepare yon pwojè-deklarasyon kote yo di kijan yo gen kè-sote devan lefèt ke gouvènman siryen an poko kòmanse mete plan Annan nan an aplikasyon.

Diplomat yo nan òganizasyon mondyal la fè konnen Konsèy Sekirite a byen kapab adopte deklarasyon an nan jounen jedi a. Nan Washington, vis-pòtpawòl Depatman Deta a, Mark Toner --ki tap abòde dosye siryen an mèkredi-- di pa gen pyès siyn ki montre sòlda siryen yo ta kòmanse kite vil kote yap lanse atak depi kèk mwa deja sou popilasyon sivil la, jan plan-lapè Annan nan mande l la.

Mark Toner di:
"Franchman, sa nou wè, se yon ogmantasyon nan bonbadman ak zam lou nan pi gwo sant popilè yo, tankou nan vil Homs ak Idlib. Kidonk, otorite siryen yo poko rive konvenk nou yo dispose respekte delè kap pran fen nan dat 10 avril la.”
XS
SM
MD
LG