Accessibility links

Breaking News

Vyolans la Rekòmanse nan Siri


Vyolans tou nèf eklate nan Siri ant fòs gouvènman an ak fòs opozisyon an nan moman anvwaye entènasyonal, Kofi Annan, ap prepare pou l enfòme Konsèy Sekirite Nasyonizini an sou pwogrè li fè pou redui kriz la kap fè san koule.

Obsèvatwa Dwazimen Siryen ki baze nan Grand Bretay di fòs ki fidèl a Prezidan Bashar al-Assad touye 2 moun nan operasyon sere boulon fòs de lòd yo mennen nan nò pwovens Idlib.

Gwoup la di tou rebèl yo touye 2 sòlda nan atak yo fè nan nan yon seri de pwen-d-kontwòl nan Sid peyi a.
XS
SM
MD
LG