Vyolans ki pete atravè peyi Siri yè jedi a, koze lanmò 26 moun nan moman lidè Lig Arab la, ki reyini nan Bagdad, kapital Irak, apiye yon plan-lapè pou Siri nan yon somè kote yo santre atansyon yo sou mouvman leve-kanpè popilè ki la depi yon lane deja nan Siri.
Daprè laprès Leta a nan Damas, militan yo rive kidnape yon jeneral aviyasyon militè peyi a tou prè kapital la, tandiske nèg ame touye anba bal 2 kolonèl lame-d-tè a nan vil Aleppo, ki nan pati nò peyi a.
Pandansetan, delege Lig Arab la apiye yon plan-lapè anvwaye espesyal Oganizasyon Nasyon Zini ak Lig la, Kofi Annan, te prepare e yo mande pou rejim al-Assad la mete plan sa a an aplikasyon imedyatman. Sekretè Jeneral l ONU an, Ban Ki-moon, ki pran lapawòl vandredi nan somè a, apiye, li menm tou, plan Misye Annan nan.
Misye Ban deklare:
“Mwen pataje opinyon Misye Annan lè li di sa a se yon premye pa enpòtan ki ta kapab mete fen nan vyolans la, nan larivyè san kap koule a, pote èd bay moun kap soufri yo, epi kreye yon anviwonnman ki ka debouche sou yon dyalòg ki ta kapab ede satisfè aspirasyon lejitim pèp siryen an genyen depi lontan.
Li esansyèl pou Prezidan Al-Assad reyalize imedyatman angajman li pran pou l aplike plan an. Lemond ap tann misye fè pwomès li yo, fè angajman li yo tounen reyalite. reyalizasyon angajman li yo se kle koze a.”
Plan Annan nan mande pou 2 pati konsène yo (an palan de gouvènman al-Assad la ak opozisyon an nan Siri) aksepte yon seselfe imedyatman e pou yo antre nan yon dyalòg; men dokiman an pa mande pou Misye Assad kite pouvwa a nan kad yon tranzisyon politik.