Lidè arab yo ap anvizaje yon pwojè-rezolisyon ki apiye yon plan lapè anvwaye espesyal Lig Arab la ak l ONU, Kofi Annan, pwopoze pou Siri, nan moman yo reyini nan yon somè istorik k ap dewoule nan Bagdad, kapital Irak.
Se minis afè etranjè peyi manm lig la ki prepare pwojè rezolusyon sa a, e yo ta renmen delege ki nan some a apwouve dokiman an ki mande pou prezidan Bashar al-Assad mete fen nan zak vyolans k ap fèt kont manm opozisyon an, epi pèmèt moun pwoteste pasifikman nan peyi Siri.
Nan Washington, pòtpawòl Depatmna Deta a, Victoria Nuland -ki t ap abòde dosye siryen an mèkredi a-- pale pou l di se klè gouvènman Assad la pa sòti pou l aplike yon plan-lapè misye Annan te mete devan li e ke li te aksepte. Madam Nuland atire atansyon sou le fèt ke operasyon sere-boulon rejim Damas la lanse kont opozan yo ak popilasyon sivil la ap kontinye.
Pòtpawòl Depatmna Deta a fè konnen:
"San di pètèt, nou pa wè pwomès Assad te fè yo tounen reyalite. Li klè anvwaye espesyal l ONU ak Lig Arab la ap kontinye fè travay li; ekip teknik li a ap kontinye fè travay li nan Siri; nou pral fè yon rankont pou zanmi pèp siryen an nan wikenn kap vini la a; e, daprè sa m konprann, Misye Annan pral prezante yon rapò devan Konsèy Sekirite a lendi. Alòs, se nou tout ki gen kòm devwa pou n kenbe presyon an sou Assad, pou fè misye respekte angajman li pran yo, e se entansyon sa a nou genyen pou 2 zou 3 jou k ap vini la yo."