Accessibility links

Breaking News

Dat Limit la Rive Pou yon Seselfe Nan Siri


Nan Siri, madi 10 avril 2012 la ta dwe reprezante jou limit pou gouvènman an kòmanse mete an aplikasyon yon seselfe nan konfwontasyon ki mete fòs gouvènmantal yo fas-a-fas ak militan opozisyon an.

Sepandan li pa sanble sèten ditou zak vyolans yo pral sispann aprè lame siryèn nan fin ouvè koutzam nan 2 zòn ki tou prè fwontyè Siri ak lòt peyi lendi a. Daprè militan yo, plis pase 125 moun pèdi lavi yo depi dimanch anndan Siri menm, nan moman fòs militè k ap defann rejim Prezidan Bashar al-Assad la kontinye vide gwo koutzam lou sou kay epi tire sou moun kap viv nan vil kote moun leve-kanpe kont gouvènman an.

Daprè yon akò anvwaye espesyal Lig Arab la ak l ONU, Kofi Annan, te prepare -akò gouvènman Assad la te aksepte- twoup militè yo ta dwe kòmanse pati kite zòm kote moun abite yo depi byen bonè madi, epi tou lè 2 pati yo ta dwe aksepte yon seselfe nan 48 tè.

Men tout espwa pou akò sa a te mòde, vin tonbe nan dlo aprè yon nouvèl vag vyolans pete epi gouvènman an vini avèk yon nouvo demand kote li egzije pou militan opozisyon an ba li garanti ekri yo pral depoze lèzam dabò.
XS
SM
MD
LG