Accessibility links

Breaking News

Siri Pwomèt l ap Respekte Akò Sesèlfe a


Anvwaye entènasyonal lig arab la ak L’ONU, Kofi Annan, di gouvènman siryen an ba li asirans ke l pral respekte yon sesèlfe avèk fòs rebèl yo, mwens pase 24 trè anvan yon tan limit ki fikse pou tout ostilite yo sispann.

Mesye Annan deklare li te apwoche gouvènman an pou asire ke tout pati yo respekte tan limit sesèlfe a ki fikse pou jedi 12 avril la , a 6 zè di maten – lè Siri.

Msye Annan te pale nan Teheran aprè kèk chita-tande li te genyen avèk minis afè etranjè iranyen an, Ali Akbar Salehi.

Kofi Annan di:
"Mwen te gen yon diskisyon trè konstriktif avèk minis Salehi maten an sou sitiyasyon Siri a. Nou dakò ke nou bezwen jwen yon solisyon pasifik nan kriz la. Mwen te kontan pou m wè minis la andose plan 6 pwen ke Nasyonzini ak Konsèy sekirite Nasyonzini an apiye tou."

Mesye Annan lanse apèl pou Iran (ki se yon alye enpòtan Siri) ede mete fen nan vyolans la k ap sakaje peyi arab la. Anvwaye espesyal l’Onu ak Lig Arab la di Iran aksepte ka gen konsekans moun pa ka imajine si gen nenpòt fo-pa ki ta fèt nan Siri akoz pozisyon jeyografik li nan mitan mond arab la.

Nan yon lèt mesye Annan voye bay Konsèy Sekirite Nasyonzini an, li mansyone afimasyon Damas pou l retire sòlda li yo nan plizyè vil nan peyi a. Li ankouraje opozisyon an pou l kenbe angajman li pran pou l sispann batay e li mande peyi ki gen enfliyans sou Siri yo pou yo ede mete fren nan konfli sa a.
XS
SM
MD
LG