Accessibility links

Breaking News

Yon Premye Ekip Obsèvatè L ONU Rive Siri


Yon premye ekip 6 obsèvatè l ONU kòmanse misyon li pou suiv yon sesèlfe nan Siri, pandan militan fè konnen twoup gouvènman yo kontinye ap pilonnen kèk katye ki anba kontwòl rebèl yo nan yon zòn kle pou opozisyon an.

Obsèvatwa Siryen pou Dwa Moun nan ki baze nan Grand Bretay di LaVwadlamerik fòs sekirite yo touye 14 sivil pandan boulèt kanno kontinye ap tonbe nan vil Homs.
Lese-frape pèsiste lòt kote nan peyi a, kèk èd tan apre ekip l ONU an, ki gen nan tèt li kolonèl mawoken Ahmed Himmiche, fin rive nan kapital la, Damas.

Yon pòtpawol anvwaye entènasyonal,Kofi Annan, fè konnen misyon an pwal koumanse tabli katye jeneral li e lonje men bay gouvènman siryen an ak fòs opozisyon yo, yon jan pou 2 kan yo byen konprann wol obsèvatè l ONU yo.

Li fè konnen 25 lòt obsèvatè ka rive nan kèk jou konsa. Yon pi gran gwoup 250 obsèvatè ka antre tou nan Siri, men sèlman apre plis negosyasyon ant l ONU ak gouvènman siryen an.
XS
SM
MD
LG