Accessibility links

Breaking News

Rankont “Peyi Zanmi Siri yo” sou degradasyon sitiyasyon an nan peyi sa a


Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, fè konnen jiskaprezan gouvènman siryen an poko konfòme l avèk akò li te aksepte pou l obsève yon seselfe nan konfwontasyon ant lame a ak twoup rebèl yo; men lidè l’ONU an lanse apèl bay Konsèy Sekirite a pou l voye yon misyon obsèvatè al pase 3 mwa nan peyi a. Nan yon lèt misye Ban voye bay prezidan konsèy la, li di rejim prezidan siryen an, Bashar al-Assad, poko wete sòlda li yo ak gwo zam lou li yo nan zòn yo anvayi a travè peyi a; se konsa tou pa genyen posiblite pou asistans imanitè sikile, epi gouvènman an pa libere moun li arete yo.
Pandansetan, gwoup dwazimen yo di zak vyolans yo kontinye jedi 19 avril la kote konfwontasyon dewoule ant twoup kap defann gouvènman an ak ansyen manm lame a ki vire kazak pou yo konbat bò kote disidan yo nan vil Deir el-Zour, nan pati lès Siri. Daprè obsèvatwa dwamoun siryen an ki baze nan vil Lond, lese-frape yo fè yon mò tandiske gen 3 moun ki blese.

Reyaksyon sou sitiyasyon an nan Siri:
Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clionton, fè konnen sitiyasyon an rive nan yon pwen trè kritik nan Siri. Chèf diplomasi amerikèn nan pale konsa nan vil Briksèl, nan Bèljik, anvan li ale patisipe nan yon rankont gwoup ki rele “Peyi Zanmi Siri yo “ ap fè jedi nan vil Pari an Frans, kote lap genyen avèk li minis afè etranjè peyi manm Lig Arab la ak kòlèg ewopeyen li yo. Madam Clinton di:
“Nou dwe avanse avèk aplikasyon plan Annan nan, jan responsab yo nan Konsèy Sekirite a mande sa a --plan ki prevwa asistans pou obsèvatè ki sou plas yo, efò pou n tabli e agrandi yon zòn san konfli e an pè. Sepandan sa n konstate, se yon sitiyasyon kote misye Assad kite pase tout chans pou li rezoud kriz la ; alòs, se pou n anvizaje plis aksyon kont rejim li a.”
XS
SM
MD
LG