Accessibility links

Breaking News

Washington Prevwa Rejim Prezidan Assad la nan Siri Pral Chavire


Otorite ameriken yo fè konnen pa le fèt ke Premye Minis siryen an, Riad Hijab, pran desizyon pou l vire kazak li e kouri kite gouvènman an, se yon siyn ki montre rejim Prezidan Bashar al-Assad sou wout pou l chavire.

Vrèmanvre, nan yon deklarasyon chèn televizyon lang arab Al-Jazeera li nan non Premye Minis la lendi 7 out 2012 la, li di li kite: “Yon rejim asasen e teworis” epi lap antre nan opozisyon an.

Nan menm jounen lendi a, Washington fè konnen li byen akeyi nouvèl ki di Misye Hijab fè defeksyon –sètadi li antre nan kan lennmi. Jay Carney, pòtpawòl La Mezon Blanch, ki tap abòde dosye a nan yon pwen de près lendi nan Washignton, deklare:

“Li klè ke seri defeksyon sa yo ap rive nan pi wo nivo gouvènman siryen an e Assad pa kapab retabli kontwòl li sou peyi a, paske pèp siryen an pap pèmèt sa. Fason ki pi rapid pou mete fen nan la rivyè san kap koule nan peyi a e nan soufrans pèp siryen an, se pou Assad kite pouvwa a, dekwa pou yon tranzisyon politik pasifik kapab fèt e pou genyen yon gouvènman kap satisfè aspirasyon pèp siryen an.”

Lame Lib Siri a --swa yon gwoup ame kap travay pou opozisyon an- fè konnen se li ki te fè aranjman pou Premye Minis Riad Hijab te ka kite peyi a epi ale an tout sekirite nan peyi Jòdani, ansanm ak tout manm fanmi li. Ahmad Kassim se yon manm Lame Lib Siri a.

Li deklare:
“Nou te mennen 8 frè Premye Minis la ak manm fanmi yo san pwoblèm nan vil Amman, nan peyi Jòdani, anvan li te anonse lap kite gouvènman an. Sa montre kijan Lame Lib Siri a se yon gwoup ki byen òganize. Se nou menm ki garanti sekirite Premye Minis la pandan li tap kite Siri; sa montre tou kijan sèvis sekirite rejim nan gen feblès, kijan lap chavire, kijan gouvènman an ap tonbe.”

Nouvèl ki anonse defeksyon Premye Minis siryen anç tonbe an menm tan ak enfòmasyon ki fè konnen yon bonm ekploze nan lokal chèn televizyon Leta a nan Damas kote anpil moun blese.

Bò kote pa yo, militan opozisyon an di goumen yo ap kontinye nan vil Alèp, nan nò peyi a, kote fòs gouvènmantal yo pa sispann lanse atak. Obsèvatwa Dwamoun Siryen an ki baze nan vil Lond, ann Angletè, di lame ap vide gwo koutzam lou sou divès katye nan Alèp.
XS
SM
MD
LG