Accessibility links

Breaking News

SIri-Vyolans: Lame Kontinye Atake Vil Alèp ak Lòt Rejyon nan Peyi a


Dife ap sòti nan bilding ki nan rejyon Joret el-Shayah, tou pre vil Homs, nan Siri.
Dife ap sòti nan bilding ki nan rejyon Joret el-Shayah, tou pre vil Homs, nan Siri.
Siri-Vyolans: Prezidan Bashar al-Assad fè konnen lame peyi li mele nan yon batay ak rebèl ki pral detèmine avni nasyon an. Misye Assad fè konpliman pou fòs gouvènmantal yo nan yon deklasayon ki parèt mèkredi premye out 2012 la nan moman vyolans la ap kontinye a travè peyi a.

Gwoup dwa moun Amnesty International pibliye yon rapò nan menm jounen mèkredi a pou l di atak gouvènman an pa sispann lanse sou vil Alèp sanble tèt-koupe ak zak krazezo fòs gouvènmàntal yo lanse lòt kote nan Siri.

Obsèvatwa Dwamoun siryen an ki gen baz li nan vil Lond, ann Angletè, fè konnen omwen yon moun pèdi lavi li nan kapital la, Damas, nan goumen kap dewoule ant lame ak rebèl nan nan yon katye kote se kretyen pou pi fò ki abite.
XS
SM
MD
LG