Accessibility links

Breaking News

Zam Marye Samdi Nan Alep, Dezyèm Pi Gran Vil Peyi Siry: Bilan 13 Moun Mouri, Dapre Obsèvatwa Siryen Dwazimen an


Konsekans konba yo nan katye Salah Edinne, nan vil Alep (3 out 2012)
Konsekans konba yo nan katye Salah Edinne, nan vil Alep (3 out 2012)

Mwenske 24 trè apre yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an e 48 tè apre demisyon anvwaye espesyal l'Onu ak Lig Arab la, Kofi Annan, batay malouk ap dewoule samdi 4 dawout la nan Salaheddine ak nan Seif al-Dawla, 2 katye nan lwès vil Alep rebèl yo kontwole. Dapre sa yo di Obsèvatwa Siryen Dwazimen Siryen an, OSDH (sigle français) ki gen baz li nan vil Lond, ann Angletè.

Rebèl yo fè konnen yo gen anba men yo plis pase mwatye Alep (2 zyèm vil Siri) ki a 35 kilomèt ak kapital la, Damas. Apre yon seri atak yo lanse nan jou pase yo e ki pèmèt yo fè dap-piyan sou kèk komisarya polis, konbatan yo atake samdi lokal chèn televizyon leta a nan Alep e yo poze min alantou li avan bonbadman aviasyon lame a fòse yo repliye, dapre Obsèvatwa Siryen Dwazimen an. Ajans nouvèl ofisyèl siryen an, Sana, konfime entèvansyon aviasyon militè a e li di teworis yo atake sivil ak lokal televizyon an men sòlda yo te repon kif-kif pou defann bilding nan.

Nan vil Damas, kapital Siry, kote genyen konba pasi-pala k ap dewoule toujou, rebèl nan katye Tadoum nan, (rejyon sid Damas) anba gwo bonbadman fòs gouvènman an k ap vide bonm ak mòtye sou yo, dapre sa OSDH f`konnen. Bò kote pa li, ajans Sana di lame touye e arete "yon bann teworis nan katye sa a, san plis presizyon.

Toujou, selon OSDH, yon responsab televizyon leta a konbatan te kidnape lakay li nan mitan mwa jiyè a pèdi lavi li anba men manm gwoup islamis al-Nosra ki reklame patènite aasasinay la.
Pou kounye a, bilan lese-frape yo rive nan 13 moun mouri, pami yo 6 nan pwovens Damas la epi 6 nan Deir Ezzor, nan sektè lès Damas. Pa gen sous endepandan ki rive verifye chif sa yo obsèvatwa Syryen Dwazimen an kominike.

Mwa Jiyè ki sòt pase a, se mwa kote plis san koule nan Siry depi rebelyon an tanmen nan peyi arab sa a, swa depi mas 2011. Dapre bilan Obsèvatwa Syrien Dwazimen an, rebelyon an deja pran lavi 20 mil moun.

Lakwawouj Entènasyonal mande belijeran yo respekte dwa Entènasyonal Imanitè.

Vandredi, Asanble Jeneral Nasyonzini an te adopte ak yon gwo majorite yon rezolisyon ki pa genyen "dan" ki regrèt enpisans Konsèy Sekirite sou dosyen Siry a–yon vòt ki kritike endirekteman Larisi ak Lachin–2 pisans ki pa janm manke pa poze veto yo sou tout pwojè rezolisyon Konsèy Sekirite a ki kondane rejim prezidan Bashar al-Assad la.

XS
SM
MD
LG