Accessibility links

Breaking News

Asanble Jeneral l'ONU ap Oganize Vandredi yon Vòt sou Siri


Sekretè Jeneral l'ONU Ban Ki-moon, anvwaye espesyal pou Siri Kofi Annan, ak Minis Afè Etranjè ris la, Sergei Lavrov
Sekretè Jeneral l'ONU Ban Ki-moon, anvwaye espesyal pou Siri Kofi Annan, ak Minis Afè Etranjè ris la, Sergei Lavrov
Asanble jeneral l’ONU an gen pou vote vandredi sou sitiyasyon an nan Siri, yon jou aprè anvwaye espesyal oganizasyon an, Kofi Annan, te anonse lap kraze yon kite sa. Vot la pral dewoule sou yon pwojè-rezolisyon Arabi Sawodi pwopoze nan moman militan yo rapòte tip vyolans ki pi sèvè sou teren an nan Siri depi mouvman leve-kanpe a te kòmanse sa genyen 16 mwa kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la.

Pandansetan, Kòmandan fòs mentyen lapè l’ONU an, Hervé Ladsous, fè konnen prensipal batay pou kontwòl pi gwo vil siryèn nan, Alèp, pral kòmanse. Vrèmanvre, vyolans la ranfòse nan moman reyaksyon ap tonbe sou desizyon anvwaye espesyal l’ONU ak Lig Arab la pou Siri, Kofi Annan, pran jedi pou l bay demisyon n. Rezon misye Annan bay pou desizyon sa a, se le fèt ke, daprè li, pa genyen inite nan mitan manm Konsèy Sekirite l’ONU an pou yo jwenn yon solisyon pou kriz la nan Siri. Misye Annan di -nap site :

«Siri kapab sove toujou anba pi move kalamite a, si manm kominote entènasyonal la kapab montre kouraj ak lidèchip ki nesesè pou yo fè konpwomi sou enterè pèsonèl pasaje yo, nan benefis pèp siryen an; nan benefis yon gwoup gason, fanm ak timoun ki soufri twòp deja. »

Ni gouvènman siryen an, ni opozisyon rebèl la pa rive respekte angajman yo chak te pran pou yo aplike yon plan-lapè Misye Annan te prepare e ki mande yon seselfe imedya nan konba yo, epi negosyasyon sou yon gouvènman tranzisyon.

Bò kote pa l, Premye Minis britanik la, David Cameron, di plan Annan nan pa mache akoz vyolans ki pa sispann dewoule sou teren an nan Siri. Daprè li, li lè li tan pou kominote entènasyonal la adopte yon apwòch ki pi agresif vizavi sitiyasyon an nan peyi sa a:

«Mwen panse sa nou bezwen fè, se ranfòse aksyon nou sou kesyon an. Nou bezwen pase nan Nazyon Zini yon rezolisyon ki mete plis presyon sou Siri. Mwen ta renmen wè nou plase otorite siryen yo anba sa ki rele Chapit 7 la, pou n montre yo sanksyon yo genyen apui total Nasyon Zini ; sanksyon tankou entèdiksyon vwayaj, desizyon pou n jele avwa yo, san bliye disizyon nou deja pran pou n ogmante presyon an sou yo. An plis de sa, nou dwe voye bay otorite siryen yo yon avètisman klè pou n di yo, si yo itilize zam chimik oubyen biyolojik, sa pral pote pi move konsekans la pou yo."

Nouvèl yo anonse pi gwo batay pou kontwòl Alòp, pi gwo vil nan Siri a (sa yo rele manman batay yo) pare pou kòmanse.
XS
SM
MD
LG