Accessibility links

Breaking News

Goumen ap Kontinye nan vil Alèp ak Lòt Zòn nan Siri


Militan opozisyon an fè konnen konfwontasyon ant konbatan rebèl yo ak fòs gouvènmantal yo kontinye dewoule nan pi gwo vil peyi a, Alèp, ak anpil lòt zòn ki jwe yon gwo wòl nan mouvman leve-kanpe kont rejim an plas la –yon mouvman ki te kòmanse sa genyen 16 mwa.

Obsèvatwa Dwamoun Siryen an (ki baze nan vil Lond, nan peyi Langletè) rapòte, jedi 26 jiyè 2012 la, kèk gwo kout mòtye ak lòt zam lou ki pati nan divès katye vil Alèp kote yon ti fiyèt mouri tandiske divès lòt moun blese. Daprè menm sous la, goumen ap fèt tou nan vil Hama ak nan pwovens Deir Ezzor, tandiske moun ka tande eksplozyon ki vize machin militè k ap sikile nan vil Idlib.
XS
SM
MD
LG