Accessibility links

Breaking News

250 Mò: Se Bilan Goumen Ki Dewoule Atravè Siri Jedi 19 Jiyè 2012 la


Yon gwoup dwazimen siryen fè konnen plis pase 250 moun mouri nan goumen ki dewoule atravè peyi Siri jedi 19 jiyè 2012 la. Daprè menm gwoup la toujou, pami viktim yo genyen anpil sivil.

Pandansetan, nan New York, Lachin ak Larisi poze veto yo sou yon rezolisyon Konsèy Sekirite a te vle adopte pou l enpoze sanksyon non-militè sou rejim Prezidan Bashar al-Assad la, si l pa pran dispozisyon pou l mete fen nan zak vyolans yo.

Anbasadè Larisi a nan l’ONU, Vitaly Churkin, fè konnen li te enposib pou misyon n nan pat chache bloke rezolisyon sa a:
"Peyi ki te patwone rezolisyon nou fèk bloke a, te byen konnen dokiman an pat genyen okenn chans pou l pase. Delegasyon ris la te pale plizyè fwa e klèman pou l ekplike poukisa nou pa ka akspete okenn dokiman ki baze sou Chapit 7 la -yon dokiman ki ta ouvè chemen an pou nou kòmanse pran sanksyon kap mete presyon sou do Siri ; e, ansuit, sa t ap ouvè pòt la pou nou sèvi ak aksyon militè etanjè ; konsa nou t ap mele nan zafè prive peyi a.”

Bò kote pa l, chèf misyon diplomatik Lèzetazini an nan òganizasyon mondyal la, Susan Rice, fè konnen le fèt ke Konsèy Sekirite a pa rive pase alaksyon devan sa kap pase nan Siri a, sa ouvè pòt la pou plis vyolans dewoule nan peyi sa a, mete sou zak teworis, san bliye posiblite pou lagè gaye nan rejyon an.

Madam Rice pa mete dlo nan bouch li pou l kondane veto Lachin ak Larisi a:
“Sa fè 3èm fwa nan 10 mwa ke 2 manm, Larisi ak Lachin, anpeche Konsèy Sekirite a pote yon repons kredib pou sitiyasyon an nan Siri. 2 premye veto yo te poze yo te genyen move konsekans grav. Dènye veto sa a pi danjere e pi regretab toujou. ”

Anbasadè Rice kontinye pou l di Lèzetazini pral travay ak patnè ki pa nan Konsèy Sekirite a pou l chache mete presyon sou rejim Assad-la e pote asistans bay moun ki bezwen èd nan peyi Siri
XS
SM
MD
LG