Accessibility links

Breaking News

Vòt Konsèy Sekirite a sou Manda yon Misyon l‘ONU nan Siri


Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an genyen pou l vote, mèkredi 18 jiyè 2012 la, sou yon pwojè-rezolisyon ki ta pwolonje manda yon misyon obsèvasyon l ONU nan peyi Siri.

Manda misyon an gen pou pran fen vandredi kap vini la a; e manm konsèy la poko ka antann yo sou kesyon pou konnen eske yon nouvo rezolisyon ta dwe gen ladan n menas pou l’ONU pran plis sanksyon kont Siri, si rejim Prezidan Bashar al-Assad-la kontinye sèvi ak gwo zam lou pou l touye konbatan rebèl ak sivil, jan yon plan lapè anvwaye espesyal Kofi Annan mande sa a.

Lafrans, Lèzetazini, La Grand Bretay ak Lalmay pwopoze yon rezolisyon ki mache ak sanksyon; men Larisi deja pwomèt pou l poze veto l sou pwojè-rezolisyon sa a.

Reprezantan Konsèy Nasyonal Siryen an (yon gwoup opozisyon ki baze nan peyi Tiki) lanse apèl bay Nasyon Zini pou mande l mete an aplikasyon sa gwoup la konsidere kòm yon devwa pou òganizasyon mondyal la pwoteje sivil nan Siri. Bassan Kodmani se responsab relasyon entènasyonal gwoup sa a.

Li di:
“Nou toujou ta renmen wè yon rezolisyon ki non sèlman bay misyon Kofi Annan nan yon sòt de bourad, men tou yon dokiman ki pale de manm rejim an plas la kom kriminèl yo ta dwe refere devan Wot Kou Entènasyonal Jistis la. Menm jan nou ta renmen wè yon rezolisyon ki mande pou gwoup imanitè yo gen plis mwayen ak plis posiblite pou yo ale sou teren an."

Toujou konsènan sitiyasyon an nan Siri : Madi 17 jiyè a, Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, te fè yon rankont ak prezidan chinwa a, Hu Jintao. Apre sa, li fè laprès konnen li gen espwa manm Konsèy Sekirite a pral ini yo pou pote konkou yo nan efò ki nesesè pou mete fen nan larivyè-san kap koule nan Siri a, epi ede pèp peyi sa a kòmanse travay pou yon tranzisyon politik ki genyen siryen nan tèt li.

Misye Ban deklare:
“Mwen genyen anpil kè sote e pafwa menm, mwen pa kapab dòmi, lè m konnen tout gwo kantite moun sa yo ap mouri chak jou; pa egzanp, Jodi a ak yè, 100 moun, 200 moun pèdi lavi yo. Sa dwe fini pa nenpòt ki mwayen, yon fason pou sitwayen siryen yo kapab kòmanse yon dyalòg politik immedyatman pou yon solisyon politik kriz sa a, yon solisyon ki reprezante aspirasyon lejitim ak bezwen lejitim pèp la.”

Chèf l’ONU an ap fè presyon pou manm Konsèy Sekirite yo mete tèt yo ansanm pou yo jwenn yon solisyon pou sitiyasyon an nan Siri nan moman vyolans la ap kontinye nan peyi sa a kote twoup gouvènmantal yo ak konbatan rebèl yo gen plizyè jou depi y ap fè lese-frape nan kapital la, Damas.
XS
SM
MD
LG